Matie 4:16
pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 3:5Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt.
Job 34:22Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.
Psalms 107:10Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,
Isaiah 42:6Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
Jeremiah 13:16Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.
Micah 7:8Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.