Isaiah 9:2
Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 10:21Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
Psalms 23:4Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
Psalms 107:14Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.
Isaiah 50:10Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Micah 7:8Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.