The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 61 › Isaiah 61:7

Isaiah 61:7

Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete.

Bib La

In The King James Version

For your shame ye shall have double; and for confusion they shall rejoice in their portion: therefore in their land they shall possess the double: everlasting joy shall be unto them.

In Context

6Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.

8Seyè a di: -Mwen menm, Seyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo, m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.

Read all of Isaiah 61

Cross References

Deuteronomy 21:17Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.

Job 42:10Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.

Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

Isaiah 51:11Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.

Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.

Zechariah 9:12Nou menm prizonye k'ap tann delivrans yo, tounen, tounen non nan sitadèl kote n'a jwenn pwoteksyon an! Jòdi a, men sa m'ap di nou: n'ap resevwa de fwa plis benediksyon pase soufrans mwen te voye sou nou an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 61:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 61:6Isaiah 61Isaiah 61:8 →