Isaiah 63:10
Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:24Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l': -Atò, kisa pou nou bwè koulye a?
Exodus 23:21Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.
Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.
Numbers 16:1Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn.
Deuteronomy 9:7Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a.
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou: