Isaiah 65:2
Chak jou mwen t'ap lonje men m' bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 15:39Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
Deuteronomy 29:19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.
Psalms 36:4(036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
Psalms 81:11(081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
Proverbs 16:29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.
Isaiah 1:23Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm.