Isaiah 65:4
Lannwit, y' al nan simityè ak nan twou wòch pou fè sèvis pou mò ka di yo sa pou yo fè. Yo manje vyann kochon, yo bwè bouyon fèt ak vyann ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:19N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.
Leviticus 11:7Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.
Numbers 19:16Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou.
Deuteronomy 14:8Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo.
Deuteronomy 18:11Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo.
Isaiah 66:17Seyè a di ankò: -Talè konsa sa pral fini pou moun k'ap fè sèvis pou mete kò yo nan bon kondisyon anvan y'a l' fè pwosesyon pou zidòl nan jaden yo, pou moun k'ap manje vyann kochon, vyann sourit ak lòt kalite manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.