Isaiah 65:5
Apre sa, yonn di lòt: Pa pwoche m'. Pa manyen m', paske yo mete m' apa pou Bondye! Non, mwen pa ka sipòte sa y'ap fè a. Sa fè m' move, kòlè mwen tankou yon dife ki p'ap janm mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
Proverbs 6:16Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
Proverbs 16:5Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
Luke 5:30Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal?
Luke 15:2Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo.
Luke 18:9Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun: