Jeremiah 33:17
Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
For thus saith the LORD; David shall never want a man to sit upon the throne of the house of Israel;
In Context
Cross References
2 Samuel 7:12Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
2 Samuel 7:14M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li.
1 Kings 2:4Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.
2 Kings 11:2Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.
1 Chronicles 17:27Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.
Psalms 89:30(089:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,