Isaiah 7:16
Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l' konnen sa ki mal ak sa ki byen.
Cross References
2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
2 Kings 16:9Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.
Isaiah 9:11Seyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l'. L'ap fè chèf lame wa Rezen lan atake l'.
Hosea 5:9Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.
Jonah 4:11Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil (0120.000) timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt!