Isaiah 8:13
Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif.
Bib La
In The King James Version
Sanctify the LORD of hosts himself; and let him be your fear, and let him be your dread.
In Context
12Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote.
Cross References
Genesis 31:53Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a.
Leviticus 22:32Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.
Numbers 27:14paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.)
Psalms 76:7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Isaiah 29:23Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif.
Matthew 10:28Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.