Isaiah 8:14
Paske se mwen menm ki yon Bondye apa. M'ap tounen yon wòch k'ap fè nou bite, yon wòch k'ap fè moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo tonbe! M'ap tounen yon move pa, yon pèlen pou moun lavil Jerizalèm yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Anpil moun pral bite, y'ap tonbe, y'ap kase ren yo. Y'ap tonbe nan pèlen an, y'ap pran ladan l'.
Cross References
Joshua 10:7Se konsa, Jozye ak tout lame a ansanm ak tout vanyan sòlda li yo kite Gilgal, yo leve yo pati.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Proverbs 18:10Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
Isaiah 24:17Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!
Isaiah 28:16Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote.
Ezekiel 11:16Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an.