James 2:8
Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal.
9Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.
Cross References
Leviticus 19:34Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
2 Kings 7:9Men lè sa a, yonn di lòt konsa: —Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a!
Jonah 4:9Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri.
Matthew 25:21Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
Mark 12:31Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo.
Romans 13:8Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande.