James 2:9
Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.
Bib La
In The King James Version
But if ye have respect to persons, ye commit sin, and are convinced of the law as transgressors.
In Context
Cross References
John 8:9Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'.
John 16:8Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.
Romans 7:7Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou.
Galatians 2:19Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m' pou m' ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a.
1 John 3:4Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.