James 4:6
Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.
Cross References
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
Exodus 18:11Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo!
2 Chronicles 32:26Tansèlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo rekonèt fòt yo apre sa. Depi lè sa a, Seyè a pa move sou yo ankò jouk jou Ezekyas mouri.
2 Chronicles 33:19Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.
2 Chronicles 34:27Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
Job 40:10Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!