Jeremiah 13:11
Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m', pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m'. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:7Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
Deuteronomy 26:19L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.
Psalms 81:11(081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
Psalms 147:20Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!
Isaiah 62:12Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.
Jeremiah 7:26Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.