The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 13 › Jeremiah 13:10

Jeremiah 13:10

Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.

Bib La

In The King James Version

This evil people, which refuse to hear my words, which walk in the imagination of their heart, and walk after other gods, to serve them, and to worship them, shall even be as this girdle, which is good for nothing.

In Context

9-Men ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo.

11Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m', pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m'. Se Seyè a menm ki di sa.

Read all of Jeremiah 13

Cross References

Numbers 14:11Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!

Psalms 78:8Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.

Isaiah 3:24Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.

Jeremiah 5:23Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'.

Jeremiah 7:24Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.

Jeremiah 9:13Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 13:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 13:9Jeremiah 13Jeremiah 13:11 →