Jeremiah 13:22
W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:17Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou.
Deuteronomy 18:21Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye?
Isaiah 20:4Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
Isaiah 47:8Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit!
Jeremiah 2:19Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Jeremiah 9:2Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.