The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 13 › Jeremiah 13:21

Jeremiah 13:21

Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.

Bib La

In The King James Version

What wilt thou say when he shall punish thee? for thou hast taught them to be captains, and as chief over thee: shall not sorrows take thee, as a woman in travail?

In Context

20Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k'ap desann soti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a?

22W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.

Read all of Jeremiah 13

Cross References

2 Kings 16:7Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: —M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.

Isaiah 13:8Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont.

Isaiah 39:2Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.

Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Jeremiah 22:23Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki soti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche.

Jeremiah 38:22Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l' fè sa yo vle. Koulye a, bra msye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l' pou kont li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 13:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 13:20Jeremiah 13Jeremiah 13:22 →