The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 13 › Jeremiah 13:24

Jeremiah 13:24

Mwen menm, Seyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.

Bib La

In The King James Version

Therefore will I scatter them as the stubble that passeth away by the wind of the wilderness.

In Context

23Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen.

25Seyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m', nou t' al mete konfyans nou nan fo bondye.

Read all of Jeremiah 13

Cross References

Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.

Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

Psalms 1:4Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.

Isaiah 17:13Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale.

Jeremiah 4:11Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.

Ezekiel 5:2Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 13:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 13:23Jeremiah 13Jeremiah 13:25 →