Leviticus 26:33
M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.
1 Kings 8:46Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,
Nehemiah 1:3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Psalms 44:11(044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
Psalms 106:27L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.
Jeremiah 4:7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.