Jeremiah 16:13
Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 18:27Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.
Deuteronomy 4:28Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.
Deuteronomy 28:63Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.
Deuteronomy 30:17Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo,
2 Kings 25:21Wa a fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo.
Psalms 81:12(081:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.