The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 28 › Deuteronomy 28:63

Deuteronomy 28:63

Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.

Bib La

In The King James Version

And it shall come to pass, that as the LORD rejoiced over you to do you good, and to multiply you; so the LORD will rejoice over you to destroy you, and to bring you to nought; and ye shall be plucked from off the land whither thou goest to possess it.

In Context

62Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, te di nou.

64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

Read all of Deuteronomy 28

Cross References

Deuteronomy 7:22Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.

Proverbs 1:26Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib.

Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.

Jeremiah 12:14Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.

Jeremiah 24:6M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.

Jeremiah 31:40Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki soti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 28:63

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 28:62Deuteronomy 28Deuteronomy 28:64 →