Jeremiah 18:13
Lè sa a, Seyè a di ankò: -Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 36:22Apre sa, Elyakim, pitit Ilkiya a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.
Jeremiah 2:10Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.
Jeremiah 5:30Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè.
Jeremiah 23:14Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
Lamentations 1:15Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.
Amos 5:1Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou: