Lamentations 1:15
Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 10:8Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a.
2 Kings 24:14Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (010.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
Psalms 119:118Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
Isaiah 28:18Li pral kraze kontra nou te pase avèk lanmò a. Li pral chire papye nou te siyen avèk chèf peyi kote mò yo ye a. Lè malè a vini, l'a kraze nou.
Isaiah 63:3Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache.
Jeremiah 18:21Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.