The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 19 › Jeremiah 19:5

Jeremiah 19:5

Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'.

Bib La

In The King James Version

They have built also the high places of Baal, to burn their sons with fire for burnt offerings unto Baal, which I commanded not, nor spake it, neither came it into my mind:

In Context

4M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.

6Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la.

Read all of Jeremiah 19

Cross References

Leviticus 18:21Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.

Deuteronomy 12:31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!

2 Kings 21:6Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò.

Psalms 106:37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.

Jeremiah 32:35Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.

Ezekiel 20:26Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 19:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 19:4Jeremiah 19Jeremiah 19:6 →