2 Kings 21:6
Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.
Cross References
Genesis 13:13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
Leviticus 19:26Piga nou manje ankenn vyann ak tout san li ladan l'. Piga nou chache konnen davans bagay ki gen pou rive nou nan lavi. Pa etidye pozisyon zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè.
Leviticus 20:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Deuteronomy 32:16Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè.
2 Kings 16:3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
2 Kings 23:24Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.