Jeremiah 2:21
Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M' pa konnen kote ou soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Exodus 15:17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
Deuteronomy 32:32Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon.
Psalms 44:2(044:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
Psalms 80:9(080:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
Isaiah 1:21Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!