Jeremiah 2:22
Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 11:12David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò.
Job 9:31Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.
Psalms 90:8Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
Jeremiah 16:17Je m' louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal.
Ezekiel 24:6Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'.
Amos 8:7Seyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo.