Jeremiah 21:13
Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:20Yo kite Soukòt, yo rive yon kote ki rele Etam, sou lizyè dezè a, yo pase kèk tan la.
Psalms 125:2Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan.
Jeremiah 7:4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.
Jeremiah 21:5Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouraj mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè.
Jeremiah 49:4Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!
Jeremiah 50:31Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m' pini ou lan rive sou ou.