Jeremiah 21:14
Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:19Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo.
Proverbs 12:14Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Isaiah 24:21Jou sa a, Seyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè.
Isaiah 37:24Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
Jeremiah 6:29Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt.