Jeremiah 21:5
Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouraj mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:15Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè.
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
Isaiah 9:12Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.
Isaiah 9:21Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Isaiah 63:10Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.
Jeremiah 32:17-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.