Jeremiah 30:13
Pa gen pesonn pou defann kòz ou. Se vre, yo konn geri malenng. Men, pou malenng pa ou la, pa gen renmèd.
Bib La
In The King James Version
There is none to plead thy cause, that thou mayest be bound up: thou hast no healing medicines.
In Context
Cross References
Exodus 15:26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.
Job 5:18Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.
Psalms 106:23Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
Isaiah 1:6Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.
Jeremiah 8:22Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?
Jeremiah 17:14Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj.