Jeremiah 30:16
Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:22Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou.
1 Samuel 17:53Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo.
Psalms 137:8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
Isaiah 14:2Anpil lòt nasyon va ede yo tounen nan peyi Bondye te ba yo a. Moun pèp Izrayèl yo menm va pran yo ak yo nan peyi Bondye te ba yo a. Y'a fè yo sèvi domestik ak sèvant. Moun ki te fè pèp la prizonye, se yo ki pral tounen prizonye pèp la. Pèp Izrayèl la pral donminen sou moun ki t'ap peze yo anba pye yo.
Isaiah 41:11Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tèt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt, yo pral mouri.
Isaiah 54:15Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.