The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 32 › Jeremiah 32:4

Jeremiah 32:4

Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l' nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je.

Bib La

In The King James Version

And Zedekiah king of Judah shall not escape out of the hand of the Chaldeans, but shall surely be delivered into the hand of the king of Babylon, and shall speak with him mouth to mouth, and his eyes shall behold his eyes;

In Context

3Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l' repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l'.

5Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l'. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa.

Read all of Jeremiah 32

Cross References

Jeremiah 21:7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.

Jeremiah 37:17Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.

Jeremiah 38:23Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.

Jeremiah 39:7Apre sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l' ak de chenn kwiv pou yo mennen l' Babilòn.

Ezekiel 12:12Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'.

Ezekiel 17:15Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 32:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 32:3Jeremiah 32Jeremiah 32:5 →