Jeremiah 33:2
-Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe l' nan plas li. Se mwen menm yo rele Seyè a. Men sa mwen di:
Bib La
In The King James Version
In Context
1Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Seyè a pale avè l' ankò. Li di l':
3Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen.
Cross References
Exodus 6:3Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
Psalms 87:5Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.
Isaiah 14:32Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Seyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.
Isaiah 42:8Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.
Isaiah 43:21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.
Jeremiah 10:16Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.