Jeremiah 37:21
Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:52Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.
2 Kings 25:3Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
Psalms 33:18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
Psalms 37:3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Proverbs 16:7Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.
Isaiah 33:16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.