The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 4 › Jeremiah 4:1

Jeremiah 4:1

Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje,

Bib La

In The King James Version

If thou wilt return, O Israel, saith the LORD, return unto me: and if thou wilt put away thine abominations out of my sight, then shalt thou not remove.

In Context

2si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.

Read all of Jeremiah 4

Cross References

Genesis 35:2Se konsa Jakòb rele fanmi l' yo ansanm ak tout lòt moun ki avè l' yo. li di yo: -Pran tout lòt bondye etranje n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mete rad nèt sou nou.

Joshua 24:14Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.

1 Samuel 7:3Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.

2 Kings 23:24Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.

2 Chronicles 33:8Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.

Isaiah 31:6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 4:1

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
Jeremiah 4Jeremiah 4:2 →