The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 4 › Jeremiah 4:6

Jeremiah 4:6

Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega.

Bib La

In The King James Version

Set up the standard toward Zion: retire, stay not: for I will bring evil from the north, and a great destruction.

In Context

5Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo.

7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.

Read all of Jeremiah 4

Cross References

Jeremiah 1:13Apre sa, Seyè a pale avè m' yon lòt fwa ankò, li di m': -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k'ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò.

Jeremiah 4:21Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?

Jeremiah 6:22Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.

Jeremiah 21:7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.

Jeremiah 50:2-Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.

Jeremiah 51:12Leve drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonnè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo. Seyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 4:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 4:5Jeremiah 4Jeremiah 4:7 →