Jeremiah 40:8
Se konsa, Izmayèl, pitit Netanya, Jokanan ak Jonatan, pitit Karejak, Seraya, pitit Tannoumèt, pitit Efayi yo, moun lavil Netofa, ansanm ak Jezanya, pitit Makat, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 12:5Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon.
2 Samuel 10:8Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil Raba, kapital yo a. Moun Aram ki soti lavil Bètreyòb ak lavil Zoba yo ansanm ak mesye lavil Tòb yo ak mesye lavil Maka yo pran pozisyon nan plenn lan.
2 Samuel 23:34Elifelèt, pitit gason Asbayi, moun lavil Maka, Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo,
2 Kings 25:25Nan setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.
1 Chronicles 2:54Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo.
Ezra 2:2Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi: