Jeremiah 40:7
Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:22Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l' chèf sou rès moun li te kite nan peyi a.
Jeremiah 39:9Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn.
Jeremiah 39:14voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l' rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la.
Jeremiah 41:10Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.
Ezekiel 45:16Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la.