Jeremiah 42:2
yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Mande Seyè a, Bondye ou la, pou l' fè nou konnen ki chimen pou n' pran, kisa pou n' fè.
Cross References
Exodus 8:28Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.
Leviticus 26:22M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Deuteronomy 28:62Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, te di nou.
1 Samuel 7:8Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo.
1 Samuel 12:23Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.
Psalms 119:170Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.