Leviticus 26:22
M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Si apre tout malè sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tèt avè m' toujou,
Cross References
Leviticus 26:6M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.
Judges 5:6Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen.
2 Kings 17:25Moun sa yo pa t' nan sèvi Seyè a. Konsa, lè yo fèk vin tabli nan peyi a, Seyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo.
Isaiah 24:6Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
Jeremiah 15:3Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.
Ezekiel 5:17M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.