Deuteronomy 28:62
Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, te di nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:10Seyè a, Bondye nou an, ban nou anpil pitit, kifè koulye a nou vin anpil, tankou zetwal nan syèl la.
Deuteronomy 4:27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.
2 Kings 13:7Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil (010.000) sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè.
Nehemiah 7:4Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.
Isaiah 1:9Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.
Isaiah 6:13Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.