The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 49 › Jeremiah 49:17

Jeremiah 49:17

Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.

Bib La

In The King James Version

Also Edom shall be a desolation: every one that goeth by it shall be astonished, and shall hiss at all the plagues thereof.

In Context

16Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.

18Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Read all of Jeremiah 49

Cross References

2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.

Jeremiah 18:16Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.

Jeremiah 50:13Paske Seyè a pral move sou li. p'ap gen pesonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l'.

Lamentations 2:15Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!

Ezekiel 35:7M'ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M'ap touye dènye moun k'ap ale vini nan peyi nou an.

Micah 6:16Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 49:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 49:16Jeremiah 49Jeremiah 49:18 →