Jeremiah 49:31
Men sa Seyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo t' alèz san ankenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san ankenn pwoteksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:9Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!
Judges 18:7Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.
Psalms 123:4Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.
Isaiah 32:11Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,
Jeremiah 48:11Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante.
Ezekiel 38:11Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.