Jeremiah 49:39
Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Jeremiah 49:6Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 29:14m'ap mennen yo tounen lakay yo. M'ap fè yo al rete nan zòn Patwòs la, kote zansèt yo te soti a. Y'ap fòme yon ti peyi tou fèb.
Ezekiel 39:25Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.
Daniel 10:14Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
Amos 9:14M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.