Amos 9:14
M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 61:4Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.
Isaiah 65:21Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.
Jeremiah 29:14Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 30:18Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.
Jeremiah 31:28Menm jan mwen te pran san m' pou m' te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m' pou m' rebati yo, pou m' replante yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 33:7M'ap fè peyi Izrayèl ak peyi Jida kanpe ankò. Zafè yo pral mache tankou nan tan lontan.