Jeremiah 49:5
Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P'ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Cross References
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
2 Kings 19:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
Proverbs 28:1Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.
Jeremiah 6:25Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè.
Jeremiah 20:4Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.
Jeremiah 48:41Li pran tout lavil yo, li mete men sou tout fò yo. Jou sa a, vanyan sòlda lame Moab yo te pè tankou yon fanm ki gen tranche.