Jeremiah 49:4
Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 52:7(052:9-)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
Proverbs 10:15Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.
Isaiah 47:7Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini.
Jeremiah 7:24Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.
Jeremiah 21:13Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a.
Jeremiah 49:16Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.