Jeremiah 5:21
Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:3Nou wè ak je nou tout gwo malè li te voye sou yo, tout mirak ak tout mèvèy li te fè.
Deuteronomy 32:6Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l' fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi?
Proverbs 17:16Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Jeremiah 4:22Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.
Jeremiah 7:13Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.